Friday, April 27, 2012

« KONNEN MYÒ PASE GANYEN »

LI POU DEVLOPE LESPRI NOU

Pran youn liv li,se youn nessesite nan lavi tout mounn. Gen plizyè rezon ki fè youn mounn li. Youn mounn li oswa pou enfòmassyon-l, poubezwen-l, pou plezi-l osnon pou enterè pèsonèl li. Daprè youn ankèt ki fenk fèt, gen plizyè milyon Ayisyen ki pa konn ni li ni ekri. Youn sondaj montre gen 85% Ayisyen ki tonbe nan kategori moun ki analfabèt. Men daprè rechèch pèsonèl pa nou, nou jwenn gen 97.75% nan popilasyon-an ki pa enterese ditou nan kozman liv. Nou jwenn tou, Ayisyen depanse.337% nan apwentman li pou l' achte liv osnon pwodui atizay yo.

No comments:

Post a Comment